The Renouvodemokratik’s Podcast

Okenn dyalog ak swadizan negosyasyon pou lapè pa ka efase nan memwa n zak teworis gang ame. Viktim yo swaf jistis ak reparasyon dekwa pou demokrasi ak libète ka fleri nan plas vyolans ak enpinite. ☻☻☻☻Aucun dialogue ou prétendue négociation pour la paix ne saurait effacer de notre mémoire les actes terroristes perpétrés par des gangs armés. Les victimes réclament justice et réparation afin que démocratie et liberté puissent fleurir là où prévalent violence et impunité. ☻☻☻☻Dialogue and peace talks cannot erase the memories of terrorist acts committed by armed groups. Victims yearn for justice and healing, allowing democracy and freedom to thrive instead of violence and lawlessness.

Listen on:

  • Apple Podcasts
  • Podbean App
  • Spotify
  • Amazon Music
  • iHeartRadio
  • Podchaser
Image

Episodes

Wednesday Sep 18, 2024

  Jounal Miami Herald te fè yon revelasyon enpòtan lè li te rapòte nan dat 4 septanm 2024, Etazini ap konsidere transfòme Misyon Sipò Miltinasyonal Sekirite (MMS) an Ayiti nan yon operasyon lapè Nasyonzini. Malgre chanjman sa yo, misyon an ap toujou fè fas ak defi enpòtan.
Genyen plizyè faktè ki te kontribye nan echèk misyon Kenya a an Ayiti, men se absans yon plan sekirite solid ki sanble  kòz prensipal la. Akoz pat gen  yon plan sekirite  efikas  pou konbat gang yo , travay  misyon an pa bay bon rezilta sou teren. Misyon an te fè fas ak defi lojistik enpòtan, tankou mank resous pou fè operasyon nan lè ak sou lanmè. Sa lakoz ,  pa gen gwo pwogrè ki fet  nan  remete sekirite an Ayiti.  Jodya, Gang ame yo kontwole prèske 80% nan kapital la, Pòtoprens, ki gen ladanl  yon gwo zòn kotyè, sa ki limite aksè a pò enpòtan peyi a ki se pwen kle pou komès ak distribisyon. Plizyè milye moun ki te kouri kite kay yo akoz vyolans gang yo toujou nan lari, Ayisyen paka sikile lib e libè nan peyi yo.
 Misyon sekirite entènasyonal yo gen difikilte pou adapte yo ak yon sitiyasyon konplèks, kote faktè lokal yo, tankou pouvwa gang yo ak frajilite enstitisyonèl peze lou. Anplis, objektif misyon entènasyonal yo souvan pa aliyen ak bezwen plis aspirasyon pep ayisyen an. Sa kontribye nan pèsepsyon entèferans oswa  mank  lejitimite.
Misyon lapè Nasyonzini yo sa yo pwovoke tre souvan chòk grav nan psikoloji nasyonal la ki poko jwenn gerizon. Sitiyasyon sa yo makonnen ak mank lejitimite otorite ayisyen yo eksplike poukisa moun nan Pòtoprens ak nan rès peyi a manke konfyans nan misyon lapè Nasyonzini yo. Ayisyen peye konsekans ensifizans ak iresponsabilite misyon sa yo, souvan ak pri lavi yo, epi nan gade peyi yo kap fe bak.
            Se Sekrete Deta meriken an mouche Anthony Blinken ki bay Misyon  Kenya a denye Kout tiwel la.   Anverite, pyes  teyat la pa chanje . Se menm penpenp la , menm akte yo, menm rezilta yo. Patriyòt ak pwogresis ayisyen yo dwe ini fòs yo epi mobilize entèlijans yo pou devlope solisyon solid pou adrese pwoblèm konplèks peyi  nou , Ayiti.

Friday Aug 30, 2024

Premye Koze: Leve Kanpe Tanmen pou Prezève epi Ranfòse Demokrasi. Moun kap analize di anvantay demokrat yo sòti nan fason yo ranmase  yon gwo mouvanm leve kanpe ki tanmen nan peyi a pou prezève demokrasi. Sonje Prezidan Trump se yon politisyen ki gen tandans kraze brize e li pare pou l elimine anpil nan gany ak dwa moun te konkeri nan sosyete meriken an, tankou dwa pou avòtman, dwa moun LGBTQ+, ak asirans medikal. Anplis, Prezidan Trump pwomèt pou l fèmen fwontyè yo, depòte imigran yo, epi kraze NATO, yon alyans ki mare Etazini ak lòt gwo peyi oksidantal yo. 
Dezyèm Koze:  Mouvman pou Prezève Demokrasi Ozetazini se yon mak Lanmou pou peyi a. Anpil moun te etone lè yo te aprann Prezidan Biden te deside pa kandida pou yon dezyèm manda, yon desizyon ki te vize ogmante chans Pati Demokrat la pou l genyen pwochen eleksyon yo. Sa te reprezante yon gwo sakrifis Prezidan Biden fè pou benefis peyi l. 
Twazyèm Koze: Tèt Ansanm pou Wete Demokrasi nan Move Pas. Youn nan siksè mouvman pou prezève demokrasi Ozetazini se rezilta yon gwo tèt ansanm pami divès gwoup enterè ak kategori moun ki deside mete fòs yo ansanm pou fè enterè yo tounen yon majorite an favè defans enstitisyon demokratik yo.
Katriyèm Koze: Politik pou Pezoud Pwoblèm . Menas ekstremis ladwat kont demokrasi Ozetazini manifeste nan plizyè fòm tankou tantativ pou minen enstitisyon ki kenbe balans pouvwa a, vyolans politik , ranvèse anpil pwogrè ki te fèt nan domèn dwa sivil ak egalite, demantle pwogram sekirite sosyal yo, depòte  an mas imigran elt. Tout aksyon sa yo gen entansyon wete kapasite gouvènman an pou l travay pou byennèt komen  pandan y ap favorize enterè espesyal ak ideyoloji ekstremis. 

Friday Jul 26, 2024

Nan mwens pase 2 jou, chèf gang yo te fè de (2) entèvansyon piblik nan videyo kote li anonse li menm ak rès gang kriminèl yo pare pou depoze zam epi kòmanse dyalòg pou lapè ka retounen nan peyi a Gen moun ki estomake, anpil lòt bwè mayezi tèlman yo sezi. Men, gen anpil lòt ki di yo wè fim sa deja. Deklarasyon Babekyou a gen plizyè enplikasyon pou jistis, sekirite, ak enpinite an Ayiti.  An nou gade pi pre!

Saturday Jul 13, 2024

Militan pwogresis Ayisyen yo ap mennen yon lit san pran souf pou emansipasyon, souverènte nasyonal, ak jistis sosyal. Sepandan, yo ap konfwonte gwo defi nan listwa, espesyalman ak negosyasyon ki fèt anba enfliyans pouvwa enperyalis yo pou etabli yon konsèy prezidansyèl tranzisyon.
Konsèy sa a, ki anba kontwòl kominote entènasyonal la manke lejitimite popilè. Olye militan yo ankouraje yon dinamik popilè otantik pou adrese kriz peyi a, yo aksepte yon solisyon pèpè anba kontwòl enperyalis la, 
Nan kout kat la ,  swadizan progresis yo ap fè fas ak anpil kritik poutèt yo abandone prensip anti-imperialis, anti-kolonialis, ak prensip emansipasyon. Aksyon yo ap ranfòse yon sistèm neokolonyal ki kontinye pwodwi povrete pou majorite pep Haitien depi plizyè syèk.
Se pou sa, li enpòtan pou progresis ki gen tèt yo plase sou zepòl yo, denonse eleman reaksyonè yo epi koupe fache ak yo. Goumen pou yon Haiti granmoun tèt li mande yon rejè total enfliyans neokolonial yo ak yon angajman fèm pou anbrase aspirasyon fondamantal ak lejitim pep  Ayisyen. 

Monday May 27, 2024


Nan Memwa Pierre Michel  Chéry, yon batayè konsekan pou demokrasi, yon eritye Vilokan   ki travèse . 
Dan ayisyen ap ri masuife yap monte nan Pwezi, chante, dans, ak blag yap bay. Yo tout ansanm tounen yon gwo tchaka kap manbre rezistans ayisyen pou yon Ayiti Anpenpan. Konsa, barikad ki separe pèp Ayisyen ak mizè, gang ame plis kidnapin se nan nanm, konsyans, ak memwa nou kòm pèp li chita . Sepousasa, mannigans rans kap fèt pou remete Ayisyen nan chenn  oswa jennen wout  li sou chimen  demokrasi ak pwogrè se byen konte, mal kallite . Ayisyen se chanpyon batay  libète nan nanm yo,  rèv yo ak  pwojè yo pou peyi yo. 

Monday May 06, 2024

Deskripsyon:
Kriz ki pete nan Konsèy Prezidansyèl la ak anons moun yo  chwazi pou vin prezidan ak premye minis se yon kesyon ki enterese anpil patriyòt ayisyen kap chachwe wout pou fè lapè, jistis ak sekirite retounen nan peyi a.
Nou sonje Konsèy la te pwomèt li pral tanmen yon tranzisyon koupe fache kap dire 2 lane. Poutan, anpil bouch ap bat apre 1e desizyon Konsèy Prezidansyèl ki fann fè 2 bout tankou yon grenn zaboka. Kisa ki rive? Ki konsekans sak rive ka genyen. Repons kesyon sa yo chita nan nannnan podkas nimewo twa nou.
Konsa, Episòd sa a kapab ede w konprann pi klè  kriz politik kap ravaje peyi dAyiti e kijan enterè pèsonèl ak ambisyon kapab anpeche progrè e menase sekirite sivil.

Sunday Apr 21, 2024

Podkast sa a chita sou  aktivite gang an Ayiti ak fason atis yo reyaji douvan fenomèn sa a.  Gen yon gwo pwoblèm nan peyi a ak gang kriminèl k ap kidnape moun, yon aktivite ki provòke gwo reyaksyon nan kominote a.
Nan podkas sa a, nou mete aksan sou fason mizisyen, Poèt, ak lòt atis reyaji . Anpil atis pote yon mesaj rezistans atravè divès medya tankou mizik, poezi, teyat pou denonse vyolans gang yo ak kidnapin.
Genyen anpil atis Ayisyen k ap  travay san rete pou  lapè, jistis ak sekirite ka retounen nan peyi a . 
Epizòd sa a se yon apresyasyon atistik kont violans gang ak kidnapin aan Ayiti. Nou espere li enspire  plis  moun pou yo kanpe kont vyolans  gang ame nan peyi nou.

Sunday Apr 07, 2024

Depi apre demisyon fòse premye minis defakto Ariel Henry, yon moun ka konstate  gang ame yo ap miltipliye  yon seri zak vyolans moun pa janm wè ..,Kòm aksyon sa yo rive nan kontèks diskisyon ak negosyasyon pou ranplase gouvèlman Ariel la ki bwè luil, li fasil pou yon moun konprann gang yo ap chache enfliyanse ak zam nouvo paj politik ki tanmen nan peyi a.
 

Image

Pour un Renouveau  Démocratique en Haiti

Renouvo Demokratik se yon zouti tou nèf pou nou mete nou dakò sou ki kalte peyi nou vle epi chanje Ayiti nan avantay mas pep ayisyen. 

Democratic Renewal stands as a new leadership with fresh ideas for tackling poverty, ending corruption, filling the gap between the poor and the rich, and establishing freedom and justice. 

Le Renouveau Démocratique que nous proposons est la transition d'un modèle qui exclut l'immense majorité des haitiens à une authentique démocratie, respectueuse des droits de chacun et riche de ses inombrables formes.

Copyright 2025 All Rights Reserved

Podcast Powered By Podbean

Version: 20241125